Otorite Peyi Kolonbi pran dispozisyon pou retounen migran yo ak diyite nan Peyi yo.
- 26 janv.
- 1 min de lecture
Dimanch 26 janvye 2025 lan, gouvènman Kolonbi a, sou direksyon Prezidan Gustavo Petro, anonse yon dispozisyon espesyal pou asire retou « ak diyite » konpatriyòt kolonbyen yo ki t ap rantre nan peyi a, nan yon vòl depòtasyon ki soti Etazini.
Nan nòt ofisyèl ki pibliye sou kont "infopresidencia" , otorite yo fè konnen yo pral itilize avyon prezidansyèl yo a pou ranplase vòl Etazini te prevwa a. « Dispozisyon sa a reponn ak angajman gouvènman an pou garanti yo vwayaje nan bon kondisyon », nòt la presize.
Gouvènman an mete aksan sou prensip ki garanti tout Kolonbyen, kòm patriyòt epi sitwayen, gen dwa rantre sou teritwa peyi yo san okenn restriksyon. Mouvman sa a reflete angajman Petro pou trete sitwayen li yo avèk respè ak diyite.
Comments