top of page

Etazini Leve Anbago sou Sik Dominiken an.

Gouvènman ameriken an, atravè Sèvis Ladwàn ak Pwoteksyon Fwontyè (CBP), anonse leve sanksyon sou ekspòtasyon sik  ki soti nan konpayi Central Romana Corporation. Desizyon sa a mete fen nan plis pase de (2) lane anbago ki te enpoze sou sik dominiken an, akoz akizasyon sou itilizasyon travay fòse nan konpayi an.


Prezidan Dominiken an, Luis Abinader, akeyi nouvèl la ak kè kontan, li deklare: « Aprè plis pase de (2) zan, Central Romana ap ka ekspòte jan li te konn fè l avan. » Li te pale sou sa pandan konferans li chak semèn ak laprès, LA Semanal.

Retou Central Romana sou mache entènasyonal la kapab ranfòse endistri sik la nan Repiblik Dominikèn. Daprè Direksyon Jeneral Ladwàn (DGA), ekspòtasyon sik dominiken an te monte jiska 188,7 milyon dola an 2024, sa ki make yon kwasans 22,7 % konpare ak 153,7 milyon dola ki te ekspòte an 2023.


San bliye, CBP te mete anbago sou sik Central Romana a 23 novanm 2022, yon desizyon konpayi an te deklare li pa t atann, epi li te toujou rejte akizasyon travay fòse yo. Koulye a, ak leve sanksyon an, konpayi a kapab reprann ekspòtasyon li yo san restriksyon.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page