top of page

Yon nouvo Konsèy Administrasyon pou CAN.

Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Dr Bertrand Sinal, enstale ofisyèlman, ayè lendi 17 mas la, nouvo Konsèy Administrasyon Sant Anbilans Nasyonal (CAN). Seremoni an te fèt an prezans Sekretè Deta pou Popilasyon ak Devlopman moun, Pierre Paul dit Arry Marsan, ak Direktè Jeneral MSPP, Dr Gabriel Thimothé.


Nouvo ekip ki pral dirije CAN lan gen ladan l:

•Hary Eloi – Prezidan

•Renand Aristide – Konsèyè ak Direktè Jeneral

•Katy Netus Juste – Vis-Prezidant

•Daphney Ducrepin – Konsèyè

•Wisly Aurelus – Konsèyè


Enstalasyon sa a fèt nan objektif pou optimize jesyon CAN, yon enstitisyon ki jwe yon wòl esansyèl nan pran an chaj ijans medikal yo nan tout peyi a. Nan diskou li, Dr Sinal felisite angajman pèsonèl CAN lan epi li afime ankò volonte gouvènman an pou ranfòse kapasite enstitisyon an, pou li kapab bay popilasyon an sèvis ijans pi efikas.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page