top of page

Etazini lanse yon nouvo aplikasyon pou imigran ilegal yo kite peyi a.

Administrasyon  prezidan Donald Trump anonse lansman yon nouvo aplikasyon ki rele "CBP Home", ki fèt pou fasilite pwosesis depòtasyon imigran ki san estati legal yo, Ozetazini. Daprè otorite yo, aplikasyon sa a ranplase "CBP One",  epi li bay etranje ki san papye opòtinite pou yo kite peyi a volontèman, sa ki ka pèmèt yo retounen legalman pi devan.


Sekretè Depatman Sekirite Enteryè a (DHS), Kristi Noem, mete aksan sou konsekans refi pou kolabore ak nouvo sistèm sa a. "Si yo pa fè sa, n ap jwenn yo, n ap ekspilse yo, epi yo p ap janm kapab retounen", se sa li deklare nan yon kominike Fox News rapòte.


Mezi sa a vini kòm yon lòt etap pou pi sere politik imigrasyon Etazini, pandan anpil moun kontinye leve vwa yo kont restriksyon imanitè sa yo.

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page