top of page

Mark Carney pran tèt Pati Liberal Kanada a nan yon konjonkti difisil.

Pati Liberal Kanada a fè fas ak yon nouvo epòk, apre eleksyon Mark Carney kòm lidè li. Ansyen gouvènè Bank Kanada ak Bank Angletè, ekonomis sila a ranplase Justin Trudeau, ki te kite pouvwa a nan mwa janvye apre prèske dis (10) lane kòm premye minis.


Malgre li pa gen eksperyans politik, Carney, ki gen 59 lane, te ranpòte eleksyon entèn pati a kont Chrystia Freeland, ansyen minis finans lan. Popilarite li chita sou konpetans li nan domèn ekonomi, sitou pou bon jesyon li pandan kriz finansye 2008-2012 la. Kandida a te mete aksan sou rediksyon taks pou klas mwayèn nan, kriz lojman  ak batay kont enflasyon an, pandan l ap eseye mete distans li ak administrasyon Trudeau a, ki pèdi sipò popilè.


Kounye a kòm lidè Pati Liberal la, Carney gen yon defi estratejik devan l: sedui elektè kanadyen yo pou eleksyon jeneral k ap fèt an oktòb. Siksè li ap depann sou kapasite l pou  enpoze tèt li sou sèn politik la.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page