top of page

Bandi mete dife nan TéléPluriel Chaine 44.

TéléPluriel Chaine 44, yon medya ki chita nan Delmas 19, sibi yon atak vyolan nan lannwit 15 pou rive 16 mas 2025. Daprè sa responsab yo anonse sou paj Facebook ofisyèl yo, gwoup bandi fè yon dechoukay epi mete dife nan lokal la. "Endividi ak gwo zam kraze baryè prensipal la epi mete dife nan batiman an. Nou pèdi anpil bagay," se sa medya a fè konnen.


Atak sa a se twazyèm atak sou medya nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan an mwens pase twa (3) jou. Kriminèl yo kontinye vize enstitisyon ki enfòme popilasyon an, sa ki soulve gwo enkyetid sou sekirite jounalis ak libète laprès nan peyi a. Pèt materyèl yo grav, men responsab yo pa bay detay sou kantite domaj ki fèt.


Atak sa yo mete aksan sou sitiyasyon sekirite k ap deteryore chak jou nan Pòtoprens. Pandan otorite yo poko reyaji sou zak sa yo, medya ki afekte yo ap mande solidarite ak mezi pou pwoteje laprès kont menas gang yo.

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page