25 Militè Ayisyen deplase pou al pran Fòmasyon avanse nan Peyi Matinik.
- konektem info
- 23 févr.
- 1 min de lecture
Yè 22 Fevriye 2025 lan, 25 militè nan Fòs Lame Ayiti a (FAD'H), kite peyi a pou al pran fòmasyon avanse nan Peyi Matinik. Militè sila yo deplase nan kad yon pwogram, sou baz yon akò ak Peyi Lafrans, ki vize ranfòse kapasite operasyonèl militè sila yo, pou pi byen konbat bandi ak zam yo.
N ap raple te gen yon premye twoup ki te benefisye menm fòmasyon sila yo nan mwa novanm 2024 la, rete pou n wè kòman militè sila yo pral byen itilize konesans sila yo pou reponn ak pi gwo bezwen popilasyon an, nan moman sila a.











Commentaires