top of page

SPNH-17 Anonse Yon manifestasyon Pou Lendi 24 Fevriye a.

Sendika Polis Nasyonal Ayiti a anonse y ap gen pou òganize yon manifestasyon pasifik pou denonse fenomèn ensekirite a. Mouvman sila a ap fèt jou k ap lendi 24 fevriye 2025 lan, douvan "Villa D'Accueil", dapre responsab SPNH-17 yo. Garry Jean-Baptiste, youn nan responsab yo, te fè yon ti bat-bouch nan emisyon RANMASE, kote li te tanmen envite tout ajan PNH yo pou vin patisipe.


Pandan entèvansyon li an, li fè konnen l kondane nivo tolerans ak iresponsablite otorite Ayisyèn yo, ki pa janm pran bon jan mezi konkrè pou kwape fenomèn ensekirite k ap layite kò l nan Kat (4) kwen Peyi a.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page