top of page

Yonyon chèf gang 400 Mawozo a kondane pou pase 35 lane nan prizon.

Germine Joly, alyas « Yonyon », chèf gang « 400 Mawozo », kondane pou pase 35 lane nan prizon federal Ozetazini pou konplo trafik zam ak blanchi lajan ak kidaping resòtisan ameriken. Enfòmasyon sa a soti nan jounal Miami Herald.


Malgre agiman avoka Joly yo pou yon santans ki pa depase 17 lane, pandan li plede koupab pou 48 akizasyon, pwokirè federal yo te mande pou li kondane pou pase tou rès lavi l nan prizon. Yo te mete aksan sou aktivite kriminèl li yo, tankou achte plizyè zam ak kominikasyon li te genyen ak konplis li yo nan Florid atravè WhatsApp. Jij Distrik Ameriken John D. Bates finalman kondane Joly ak yon santans 35 lane prizon.


Joly alyas Yonyon gen yon lòt pwosè ki pwograme pou 18 fevriye 2025 konsènan akizasyon ki gen rapò ak kidnapin 17 misyonè ameriken yo.

Kommentare

Mit 0 von 5 Sternen bewertet.
Noch keine Ratings

Rating hinzufügen
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page