top of page

Yon jij bloke Administrasyon Trump lan sou revokasyon 2 200 anplwaye USAID yo.

Yon jij federal deside sispann revokasyon plis pase 2 200 anplwaye USAID epi  bay lòd pou 500 anplwaye ki te deja revoke yo retounen travay kòmsadwa. Desizyon sa a, ki gen kòm dènye delè 14 fevriye, mete fren sou jefò Mezon Blanch lan ki t ap eseye diminye an mas kantite anplwaye ajans lan.


Jij Carl Nichols rann vèdik la ayè vandredi swa, kote li entèdi administrasyon an kontinye revoke anplwaye USAID yo. Lòd tribinal la anpeche depòtasyon anplwaye ki nan misyon aletranje epi li asire tout anplwaye yo kenbe aksè ak sistèm kominikasyon ak peman yo jiska 14 fevriye a 11:59 p.m. (lè Etazini, kòt lès).

USAID, k ap fè fas ak pwoblèm bidjè, te vle kenbe sèlman 300 anplwaye esansyèl, pandan plizyè milye lòt t ap sou lis revokasyon oswa konje san dat retou.


Jij Nichols eksplike desizyon li a baze sou danje ki riske menase anplwaye yo si yo pèdi estati yo san avètisman. Li mete aksan sou risk sekirite kèk anplwaye ekspoze nan misyon aletranje yo:

"Pa gen okenn jijman a lavni ki ka anile domaj fizik ki ka rive si anplwaye USAID yo pa resevwa enfòmasyon sou menas sekirite ki sou yo."

— Jij Carl Nichols


Desizyon sa a vini apre yon pwosè  plizyè gwoup travayè USAID ki te depoze plent kont administrasyon Trump lan. Yon odyans kle fikse pou 12 fevriye, kote jij la ka deside si li blije gouvènman an sispann totalman plan revokasyon an.Menm si vèdik sa a se yon soulajman tanporè, desizyon final la ka chanje avni plizyè milye travayè ak misyon USAID atravè lemonn.

Comentários

Avaliado com 0 de 5 estrelas.
Ainda sem avaliações

Adicione uma avaliação
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page