Yon etidyan CEDI pèdi lavi l andidan yon klas.
- konektem info
- 11 févr.
- 1 min de lecture
Yon etidyan Sant Etid Diplomatik ak Entènasyonal (CEDI), Macénat Lebelt, mouri asasinen madi 11 fevriye 2025 lan, pandan li te nan klas li. Daprè temwayaj plizyè moun ki te sou plas, jèn gason an resevwa yon bal san li pa t gen tan jwenn asistans. Krim sa a vini nan yon moman kote ensekirite a ap ogmante, epi li soulve gwo kè sote sou sekirite etidyan nan inivèsite yo.
Macénat Lebelt pa t yon sitwayen san angajman. Li te yon manm pati politik Émergence Patriotique epi li te responsab Konsèy Jèn nan pati sa a. Angajman li te santre sou patisipasyon jèn yo nan politik ak devlopman peyi a. Lanmò li mete nan limyè frajilite espas edikatif ayisyen yo fas ak vyolans k ap vale teren chak jou.
Zak Asasinay sa a frape tout kominote etidyan an ak militan politik yo, k ap mande otorite yo pou pran mezi pou pwoteje jèn ki vle kontribye nan avni peyi a. Pou kounye a, otorite yo poko bay detay sou responsab krim nan ni sou ankèt ki dwe fèt pou mete limyè sou asasina sa a ki choke anpil moun.
Comments