top of page

Yon Dezyèm kontenjan polisye-militè Peyi Gwatemala rive Ayiti toujou nan kad ranfòsman MMAS la.

Yon dezyèm kontenjan ki fòme ak 77 polisye-militè gwatemaltèk te rive Ayiti jodi samdi 4 Janvye a, nan maten, nan yon avyon militè ameriken. Gwoup sila vin ranfòse Misyon Miltinasyonal Apui Sekirite (MMAS), dapre sa yon sous lapolis konfime.

Nan dat ki te 3 janvye a, yon premye kontenjan ki te gen ladan l 83 sòlda, ki soti nan Peyi Salvadò ak Gwatemala te deja rantre nan kad misyon an, sa ki ogmante total nouvo efekti yo a prèske 200 nan mwens pase 48 èdtan.


Kòmandan an chèf MMAS la,  Godfrey Otunge, remèsye Gwatemala pou angajman li nan kolaborasyon entènasyonal sa a. Li anonse  operasyon kont gang ame yo pral pran yon vitès pi rapid, nan pa twò lontan, pandan li fè apèl pou gwoup kriminèl yo depoze zam yo.


Etazini, atravè yon nòt ofisyèl, te salye rantre troup Gwatemala ak Salvadò yo nan misyon an. Nan Deklarasyon an, yo soulve enpòtans kolaborasyon sa a pou ranfòse jefò lapolis Ayisyèn (PNH) nan, nan lit kont gang yo. “Nou rete sou bò pèp Ayisyen an epi nou angaje pou reponn bezwen ijan yo pandan n ap envèsti nan avni pèp la,” anbasad Etazini nan Pòtoprens fè konnen.


Ak nouvo kontenjan sa a, MMAS kontinye pran fòs pou fè fas ak defi sekirite Ayiti. Nan yon kontèks kote ensekirite a ap ogmante, kolaborasyon entènasyonal sa a montre yon jefò k ap kontinye pou soutni PNH la epi retabli estabilite nan peyi a.

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page