top of page

Wa Charles III nan Wayòm Ini planifye pou l repran aktivite politik li.

Aprè yon ti tan repo pou li te kapab resevwa tretman medikal ak rekiperasyon, wa Charles III gen pou l retounen nan aktivite politik li semèn k ap vini la yo, daprè sa palè Buckingham anonse.


Desizyon an vini de (2) mwa aprè Monak la te revele li t ap suiv yon tretman pou kansè. Wa 75 lane a ap gen pou fè yon vizit ansanm ak madanm li Rèn Camilla nan yon sant tretman kansè madi 30 avril 2024.


Y ap gen pou yo rankontre espesyalis medikal yo ak plizyè pasyan k ap soufri ak maladi kansè a pandan vizit sila a. Palè a fè konnen sant sila a se pa kote Wa a te resevwa swen an.


Vizit sa a pral make kòmansman yon seri angajman siksesè Rèn Elizabeth la ap planifye pou l akonpli nan semèn ak mwa k ap vini yo. Anplis de sa, palè a deja konfime Wa Britanik la pral gen pou resevwa Anperè japonè Naruhito ak madanm li Anperatris Masako pou yon vizit deta nan mwa jen an.


Wayòm nan eksprime rekonesans Wa ak Rèn nan pou sipò yo te resevwa pandan ane ki sot pase a. Sepandan, pa gen okenn detay sou sante oswa plan tretman Monak la.


Sèlman yon pòtpawòl palè a di Wa Charles III jwenn fe vè medikal pou l retounen nan travay piblik li e li rekonesan anvè ekip medikal li pou swen yo kontinye.


Malgre doktè yo kontan ak pwogrè a jiska prezan, men li twò bonè pou detèmine dire total tretman an. Angajman Wa a nan lavni pral adapte pou asire rekiperasyon li.


Jiskaprezan palè a poko konfime orè konplè li pou mwa kap vini yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page