top of page

Vyolans ak Ensekirite Fòse Food For The Poor Sispann Aktivite li nan Pòtoprens.

Òganizasyon imanitè Food For The Poor Haïti (FFTPH) anonse li oblije fèmen pòt biwo santral li ak sispann sèvis li nan Pòtoprens akòz vyolans k ap vale teren. Daprè yon nòt li pibliye 17 mas 2025, desizyon sa a vini apre atak sou anviwonman biwo a ak kidnapin kèk anplwaye ki te rive kenbe an otaj pandan twazèdtan.


Nan kominike li a, FFTP di li rekonesan anvè Polis Nasyonal Ayiti a, ki  toujou ap bayo sekirite nan nivo yo kapab. Men, malgre sa, ogmantasyon atak ak zak vyolans yo depase limit rezistans anplwaye li yo. Òganizasyon an te kontinye travay li malgre difikilte, men li estime li pa ka mete lavi pèsonèl li yo an danje ankò.


Sispansyon sèvis FFTPH yo frape yon popilasyon ki deja nan mizè. Òganizasyon an te jwe yon wòl esansyèl nan bay asistans ak sipò ak moun ki pi frajil yo nan sosyete a. Desizyon pou fèmen biwo santral la ak sispann sèvis yo vle di mwens èd pou timoun, fanmi, ak granmoun ki te konte sou li pou sipò imanitè.


Desizyon FFTPH la reflete yon gwo pwoblèm sekirite k ap afekte òganizasyon imanitè yo nan peyi a. Anpil lòt enstitisyon imanitè ap redui oswa sispann operasyon yo tou, sa ki mete popilasyon an nan plis difikilte. Pou kounye a, biwo FFTPH nan Nò ak Nip pral kontinye fonksyone, men li klè  kriz aktyèl la menase tout jefò imanitè k ap fèt an Ayiti.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page