top of page

Vatikan anonse Konklav Papal la ap kòmanse 7 Me 2025.

Vatican anonse ofisyèlman dat konklav ki pral chwazi nouvo Pap Legliz Katolik la. Apati 7 me 2025, 135 kardinal ki poko gen 80 lane pral rasanble nan Chapèl Sikstin pou lanse pwosesis vòt la, ki fèt an sekrè total. Yo pral gen responsablite pou chwazi 267yèm chèf Legliz la, apre lanmò Pap François ki te fèt 21 avril pase a.


Pou yon kadinal eli kòm Pap, li dwe jwenn omwen de (2) tyè nan vòt yo. Pandan konklav la, tout kadinal yo ap rete izole, san okenn kontak ak monn deyò a, jiskaske yo jwenn yon konsansis. Chak jou, yo ka mete tèt ansanm pou kat sesyon vòt, ak lafimen blan oswa nwa ki soti sou do Chapèl la, kòm siy pou mond lan: lafimen blan vle di yo jwenn yon nouvo Pap, lafimen nwa vle di yo poko jwenn li.


Konklav sa a make yon lòt chapit enpòtan nan listwa Legliz Katolik la. Kandida potansyèl yo enkli Kadinal Pietro Parolin, aktyèl Sekretè Deta Vatikan an, ak Kadinal Luis Antonio Tagle, ansyen evèk Filipin. Kèk obsèvatè rele konklav sa a yon “kwochi relijye mondyal”, sitou ak kantite defi k ap tann nouvo Pap la, kit se kriz lafwa an Ewòp, konfli moral, oswa pozisyon legliz la fas ak mond dijital la.

コメント

5つ星のうち0と評価されています。
まだ評価がありません

評価を追加
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page