top of page

Vatican ap prepare dènye omaj pou Pape François, samdi 26 avril 2025, plizyè lidè mondyal anonse prezans yo.

Vatikan ap òganize fineray Pape François ki gen pou dewoule samdi 26 avril sou plas Sen Pyè, Seremoni relijye a ap tanmen a 8è TU (Tan Inivèsèl). Aprè seremoni an, kò li ap transfere nan Bazilik Sen Mari Majò nan sant vil Wòm, kote l ap gen pou antere dapre volonte li.


Depi yè madi 22 avril 2025 lan, Vatikan pibliye premye imaj kote yo montre Pape la kouche nan sèkèy li, antoure ak Gad Swis yo, nan chapèl rezidans Sent-Mat la. Jodi mèkredi 23 avril, a 7è TU, fidèl yo ap gen aksè pou vin rann li omaj nan Bazilik Sen Pyè. Fineray la ap fèt avèk anpil senplisite, jan Pap François te swete sa.


Plizyè chèf deta anonse prezans yo, tankou Donald Trump (Etazini), Emmanuel Macron (Frans), Volodymyr Zelensky (Ikrèn), ak Prezidan Javier Milei (Ajantin). Peyi Polòy ak peyi Itali deklare yon jounen epi senk jou dèy nasyonal nan respè depa Pap la.


Kadinal yo ap gen pou reyini pou finalize detay fineray yo, epi y ap gen pou chwazi yon nouvo Pap nan Konklav ki gen pou l kòmanse nan kòmansman mwa me.


Sa a se yon evènman relijye ak diplomatik san parèy, kote monn nan ap mete tèt ansanm pou salye dènye pasaj Pap ki te chèche mete plis imilite ak limanite nan tèt legliz Katolik la.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page