top of page

UNESCO lanse yon pwogram sipò sikososyal pou jounalis ki te afekte ak trajedi 24 desanm yo.

UNESCO, an patenarya ak Kolektif Medya sou Entènèt, lanse yon pwogram sipò sikososyal pou jounalis ki afekte akoz trajedi 24 desanm 2024 la, ki te pase nan Lopital Jeneral. Seremoni lansman an te fèt nan Otèl Karibe ak prezans plizyè otorite nan leta, tankou konseye prezidan Fritz Alphonse Jean. Nan diskou li, Fritz Alphonse Jean te eksprime solidarite li ak jounalis viktim yo pandan li te afime ankò angajman Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pou konbat ensekirite epi mete kriminèl yo devan lajistis.


Minis Jistis la, Patrick Pélissier, te ensiste sou nesesite pou jounalis yo travay nan yon anviwònman sekirize, pandan Patrick Delatour, minis Kilti ak Kominikasyon an, te mete aksan sou enpòtans sipò kontinyèl pou moun ki travay nan laprès. Eric Voli Bi, reprezantan UNESCO an Ayiti, te eksplike  pandan de (2) mwa, jounalis yo pral gen yon espas konfidansyèl pou pale sou chòk yo epi resevwa asistans sikolojik apwopriye.


Inisyativ sa a rekonèt enpak sikolojik vyolans lan sou jounalis yo epi mete aksan sou nesesite pou pwoteje libète laprès nan yon peyi kote ensekirite reprezante yon gwo defi pou medya yo. Avèk kolaborasyon UNESCO ak otorite ayisyen yo, pwogram sa a make yon pa anplis pou bay jounalis yo plis sekirite ak sipò moral.

Commenti

Valutazione 0 stelle su 5.
Non ci sono ancora valutazioni

Aggiungi una valutazione
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page