top of page

ULCC lanse yon avi rechèch kont ansyen Pwotektè Sitwayen an, Mèt Renan Hédouville.

Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC) mete men sou yon ankèt sou move jesyon ak zak koripsyon ki t a fèt nan Biwo Pwoteksyon Sitwayen an (OPC), pandan Mèt Renan Hédouville t ap dirije l. Vandredi 14 Mas sila a, ULCC lanse yon avi rechèch kont li, apre li te refize reponn plizyè konvokasyon otorite yo.


Ankèt la konsantre sou plizyè akizasyon grav, tankou kontra piblik ki pase ilegalman, abi pouvwa, dilapidasyon lajan leta ak bloke fonksyònman lajistis. Gen plizyè anplwaye OPC ki deja remèt per diem yo te resevwa pou vwayaj yo pa t janm fè sou direksyon Mèt Hédouville. ULCC mande popilasyon an pou l bay tout enfòmasyon ki ka ede lokalize ansyen Pwotektè Sitwayen an epi kontakte otorite yo si sa nesesè.

Comentários

Avaliado com 0 de 5 estrelas.
Ainda sem avaliações

Adicione uma avaliação
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page