top of page

ULCC lanse Ankèt sou yon Akizasyon koripsyon nan OPC.

Unité de Lutte Contre la Corruption (ULCC) anonse y ap mennen yon ankèt sou akizasyon ki vize ansyen administrasyon Renan Hédouville, nan OPC. Ankèt sila konsantre sou itilizasyon fon piblik la pou kouvri pèman yon bann vwayaj ki t a sanble pa t janm fèt.


Nan yon lèt ki te voye bay Pwotektè Sitwayen aktyèl la, Me Jean Wilner Morin, ULCC mande dokiman detaye sou chèk ki te peye tikè avyon ansanm ak "per diem" pou deplasman nasyonal ak entènasyonal ki fèt ant 2019 ak 2024 yo. Mete sou sa, enstitisyon an mande yon lis detaye tout anplwaye ki te benefisye vwayaj sa yo pou verifye si fon piblik yo te itilize kòrèkteman.


Akizasyon yo fè gwo tole sou rezo sosyal yo ak nan mitan òganizasyon defans dwa moun yo. Plizyè militan deja ap denonse yon move jesyon resous piblik nan OPC, yon enstitisyon ki sipoze travay pou defann dwa sitwayen yo.

ULCC pwomèt pou li fè limyè sou dosye a pandan presyon ap ogmante pou yo rann piblik rezilta ankèt la. Popilasyon an rete tann eksplikasyon klè ak mezi korektif nan yon moman kote konfyans nan enstitisyon piblik yo kontinye diminye.

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page