top of page

Twa (3) sòlda FAd'H tonbe nan yon anbiskad Gang Ame nan Kenscoff.

Twa sòlda Lame Dayiti pèdi lavi yo ayè dimanch pase a nan yon anbiskad kèk gang  ame te pare nan zòn Kenscoff, dapre enfòmasyon yon sous lokal. Plizyè lòt sòlda t a blese tou pandan atak la.

Solda yo te nan yon machin san pwoteksyon, y ap deplase pou bay sipò ak yon ekip Polis Nasyonal Dayiti (PNH) ki te deja angaje nan echanj kout zam ak gang ame k ap opere nan komin nan.


Entèvansyon sa a fèt kòm pati nan yon operasyon konjwen otorite yo lanse depi nan fen semèn nan pou reprann kontwòl komin sila.

Temwanyaj sou plas rapòte fòs  lòd yo ta itilize dwòn kamikaz pou premye fwa nan batay kont gang nan rejyon an. Malgre sa, PNH poko bay okenn bilan ofisyèl sou rezilta operasyon an ni sou pèt yo.


Depi plizyè semèn, Kenscoff — yon kote moun te konn apresye pou lapè ak tè agrikòl li yo — sibi presyon gang k ap elaji enfliyans yo depi lòt zòn tankou Mibalè. Sitiyasyon sa lakoz plizyè fanmi kouri kite kay yo epi aktivite agrikòl yo prèske paralize.

Plizyè sitwayen pa kache endiyasyon yo fas ak sa yo konsidere kòm feblès ak inaksyon otorite yo. Yo kontinye lanse apèl pou gouvènman an aji pi rapid, pou l retabli lòd ak sekirite nan komin sa a k ap soufri anpil.

コメント

5つ星のうち0と評価されています。
まだ評価がありません

評価を追加
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page