Trump fè pale anpil ak yon foto kote li parèt tankou yon Pape, pandan Legliz Katolik ap chèche ranplasan pou François.
- konektem info
- 4 mai
- 2 min de lecture
Donald Trump frape fò ankò sou rezo sosyal li a, Truth Social, kote li mete yon imaj li menm abiye tankou yon Pape. Foto a, ki fèt ak entèlijans atifisyèl, montre li ak soutàn blan, mit epi kwa koulè lò, bra leve tankou li tap beni foul la. Sa fèt menm moman Legliz Katolik la ap prepare pou chwazi nouvo tèt li, apre lanmò Pape François nan dat 21 avril ki sot pase a. Konklav la fikse pou mèkredi k ap vini an.
Anvan li mete foto a, Trump te deja deklare: « Mwen ta renmen vin Pape. Se premye chwa mwen. M panse m t ap fè yon bon Pape. Pèsonn pa t a ka fè li pi byen pase mwen. » Pawòl sa yo, li te di yo dirèkteman depi Mezon Blanch, e yo te soulve anpil reyaksyon, sitou lè li te parèt nan fineray Pape François samdi pase a nan Vatikan, ak yon kostim ble olye de tradisyonèl koulè nwa a.
Anplis sa, ansyen Prezidan ameriken an mete limyè sou Kardinal Timothy Michael Dolan, evèk New York, kòm yon potansyèl kandida pou tèt Vatikan an. Li deklare: « Gen yon kardinal nan New York ki vrèman kalifye. Nap tann sa k ap rive. »
Kardinal Dolan se youn nan dis reprezantan Etazini ki pral patisipe nan konklav la. Li te deja resevwa de (2) vòt pandan eleksyon ki te mennen Pape François sou twòn lan an 2013.
Nan mitan diskisyon k ap fèt nan Vatikan an, gen lòt Ameriken ki vin sou lis kandida posib yo tou, tankou Raymond Burke, ki gen gwo sipò nan mitan katolik konsèvatè yo, ak Robert Prevost, yon prefè enpòtan ki pale panyòl e ki gen anpil enfliyans nan legliz la.
Comments