top of page

Tonmtonm ak Sòs Kalalou (Gonbo).

Lè n ap pale de manje ki pote siyati kiltirèl  Ayisyen an, tonmtonm ak sòs kalalou se youn nan pi bèl egzamp. Plat sa a, ki soti sitou nan rejyon Grandans, espesyalman Jeremi, se pa sèlman yon plezi gastronomik, men yon senbòl inite ak eritaj ayisyen.


Tonmtonm se yon plat ki gen orijin afriken epi ki enstale fòmèlman nan kilti ayisyèn nan, depi plizyè syèk. Li se yon manje kolektif (Tèt ansanm), sa vle di li pi bon lè li manje nan mitan fanmi ak zanmi, kote tout moun chita ansanm epi pataje menm asyèt la.

Tradisyonèlman, li prepare ak lam pafwa ki konn melanje ak malanga ki bouyi epi pile nan yon mòtye an bwa ak pilon, jiskaske li vin yon farin pat ak elastik. Sòs kalalou a, ki sèvi ak li, se kè akonpayman an, epi li fèt ak kalalou (gonbo), pwason sèk, kribich, epis, ak lwil palmis ki bay li yon koulè dore ak yon gou fonse.


Dèyè yon gou inik, tonmtonm ak sòs kalalou gen anpil benefis nitritif:

Lam ak malanga bay glisid konplèks ki bay enèji pandan tout jounen an.

Kalalou gen fib ki bon pou dijesyon ak sistèm iminitè a.

Kribich ak pwason sèk pote pwoteyin ak mineral esansyèl.

Lwil palmis ajoute betakarotèn ak bon grès pou sante kè.


Malgre mond lan ap chanje ak nouvo tandans gastronomik, tonmtonm ak sòs kalalou rete yon manje ki kenbe plas li nan kizin ayisyen an. Li prezan nan seremoni, fèt, ak reyinyon fanmi, epi li reprezante yon koneksyon ak rasin nou.

Si w vle viv eksperyans otantik kilti ayisyèn lan, pa gen pi bon chwa pase yon bon plat tonmtonm ak sòs kalalou, manje l ak men w, epi jwi gou natif natal li yo!



Redaksyon: Ronalson BLANFORT



Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page