top of page

Sunrise Airways ap rekòmanse vòl li yo sou Pòtoprens apati 20 me 2024.

Mèkredi 15 me 2024, konpayi avyon Sunrise Airways anonse l ap retounen nan Ayopò Entènasyonal Tousen Louvèti nan Pòtoprens apati lendi 20 me 2024.


Sunrise Airways pral rekòmanse sèvis domestik li yo ki konekte Pòtoprens ak Okap epi Okay ak vòl chak jou.


Konsènan liy entènasyonal yo, Sunrise Airways pral ofri vòl ant Pòtoprens ak Miami apati 20 me 2024, lendi, mèkredi ak samdi, jiska premye jen.


Anplis de sa, vòl pou Panama, Pointe-à-Pitre (Gwadloup) ak Saint Martin ap disponib tou apati 27 me.


Malgre sikonstans aktyèl yo, vòl ant Okap ak Miami yo ap kenbe, ak yon frekans chak jou.


Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page