top of page

Sirinam di li prè pou voye polisye ak militè an Ayiti.


Dimanch 5 avril 2024, Prezidan Sirinam lan, Chan Santokhi, anonse gouvènman li an prè pou voye militè ak polisye an patisipe nan Misyon Sipò Sekirite Multinasyonal la (MMSS) an Ayiti.


Inisyativ sa a vize sipòte Polis Nasyonal Ayiti a nan batay yo kont gang yo. Santokhi fè konnen desizyon sa a se yon jès solidarite ak sipò anvè peyi vwazen yo nan Kominote Karayib la (CARICOM).


Ofisye Sirinamyen ki pral chwazi pou fè pati misyon sa a pral espesyalman prepare, menm si yo pa nesesèman manm nan fòs sekirite Sirinam la. Prezidan an tou mande plis solidarite nan mitan peyi manm CARICOM yo avèk Ayiti, li mete aksan sou ijans sitiyasyon an nan peyi a.

Bình luận

Đã xếp hạng 0/5 sao.
Chưa có xếp hạng

Thêm điểm xếp hạng
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page