top of page

Roberson Rendel Tonbe anba bal nan lakou legliz "Notre Dame du Perpétuel Secours".

Nèg ak zam, yo pa rive idantifye, tire yon fidèl nan legliz Katolik Perpetuelle Secours, ki twouve l Delmas 75, jodi Dimanch 5 janvier  2025 lan. Lapolis, jij depè ak anbilans pa t pran tan pou te vin sou plas, sa ki fè yo rive enfòme gen yon moun ki mòtèlman blese, Roberson Rendel, ki se yon manm Akèy.


Dapre enfòmasyon Pòt pawòl lapolis la, Leonel Lazar bay, li fè konnen pagen okenn lòt fidèl legliz la ki blese anba Atak malonèt sila a, li ajoute pou l di sa plis parèt yon egzekisyon .

Men popilasyon an deklare sa fè 3 jou depi yo t ap  mande lapolis pou fouye tout nèg ak vès k ap frekante zòn sila a, paske yo rive jwenn enfòmasyon ki fè konnen se vès gang yo mete pou atake legliz, yon tanp sakre ki reyini tout moun, nan tout tranch laj atò ti bebe.


Zak sila yo pajanm sispann repete depi lè gang yo te deklare lagè kont tout batiman legliz isit. Sa yo pa rete san konsekans sou popilasyon an, kote chak jou youn ap poze lòt kesyon: Ki legliz malfra yo vize atake Apresa?

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page