top of page

Reyinyon PNCS: Yon nouvo direksyon pou kantin eskolè yo.

Ayè Madi 7 janvye 2025 lan, Kòdonatè Jeneral Pwogram Nasyonal Kantin Eskolè yo (PNCS), Me Kevenot Dorvil, te òganize yon reyinyon travay wo  nivo nan Hostellerie du Roi Henri, nan vil Kap Ayisyen. Reyinyon sa a te mete chita prensipal patnè PNCS yo, tankou PAM, BND ak AMURT, ki aktif nan depatman Nò ak Nòdès Ayiti.


Objektif reyinyon an se te prezante nouvo direktè depatmantal PNCS yo bay patnè yo, pandan yo te evalye siksè ak defi pwogram kantin nan lekòl yo. Analiz sa a te pèmèt patisipan yo idantifye pwen fò ak feblès yo pou pwopoze solisyon konkrè pou amelyore jesyon kantin nan lekòl yo.


Me Kevenot Dorvil te prezante yon pwogram pilòt ki rele « Yon jou lekòl, yon jou kantin », ki vize kèk komin nan zòn nan. Inisyativ sa a ap chèche mete plis òganizasyon nan sistèm nan epi ogmante enpak kantin lekòl yo. Li te tou pwopoze òganize yon reyinyon rejyonal chak sis mwa kote tout aktè yo ka pataje pi bon pratik yo epi ajiste estrateji yo selon bezwen espesifik chak lekòl.


Inisyativ sa a rantre nan yon kad ki pi laj pou amelyore kalite edikasyon ak sekirite alimantè kote elèv yo, pandan y ap ranfòse kolaborasyon ant patnè yo pou yon enpak ki pi dirab.

Comentários

Avaliado com 0 de 5 estrelas.
Ainda sem avaliações

Adicione uma avaliação
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page