top of page

Reyinyon Istorik ant Ayiti ak Kolonmbi pou Ranfòsman Koperasyon yo.

Yon gwo etap nan relasyon diplomatik ant Ayiti ak Kolonbi rive franchi nan wikenn sa a ak òganizasyon yon Konsèy Minis binasyonal, anba lidèchip Prezidan Leslie Voltaire ak Gustavo Petro. Reyinyon istorik sa a vize ranfòse koperasyon ant de peyi yo nan zafè sekirite, ekonomi, edikasyon, ak devlopman dirab.


Delegasyon ayisyen an, ki anba direksyon prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT), Leslie Voltaire, gen ladan nèf minis ki reprezante divès sektè estratejik nan peyi a. Dyalòg san parèy sa a make yon angajman mityèl, pou ranfòse relasyon ant de (2) peyi yo ak ankouraje patenarya ki dirab pou benefis pèp ayisyen ak pèp kolonbyen an.


Konsèy binasyonal sa a montre yon volonte klè pou bati yon avni pwospè ak ogmante solidarite nan rejyon an. CPT a renouvle angajman l pou mete an plas yon diplomasi aktif ak kreye patenarya ki kapab reponn ak bezwen reyèl popilasyon ayisyèn nan.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page