top of page

Repiblik Dominikèn Kontinye fè Depòtasyon Masiv sou Ayisyen yo Malgre gwo Kritik nan Kominote Entènasyonal la.

Repiblik Dominikèn kontinye fè depòtasyon masiv sou Ayisyen yo malgre gwo kritik nan kominote entènasyonal la. Nan kat (4) jou sèlman, plis pase 1700 Ayisyen te rapatriye anba men otorite dominiken yo. Rapò yo fè konnen plizyè nan depòtasyon sa yo ap fèt avèk vyolasyon malgre trete ak konvansyon entènasyonal ki pwoteje dwa migran yo.


Pami moun ki depòte yo, genyen fanm ansent ak timoun, sa souvan fèt ak mòd tretman brital. Sitiyasyon rasis ak ilegal sa a ap kontinye san okenn reyaksyon piblik klè bò kote otorite Ayisyen yo. Sepandan, anpil sektè ap mande entèvansyon konkrè ,prese prese, Otorite Ayisyen ak Kominote Entènasyonal la sou dosye grav sa a.


Pandan tansyon ap kontinye monte, Ayisyen k ap viv nan Repiblik Dominikèn yo rete tann aksyon gouvènman an pral pran pou defann sitwayen li yo nan yon kontèks ki mande yon lidèchip solid ak konfyans.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page