top of page

Repiblik Dominikèn Sezi 37 Zam Gè nan Yon Kontenè ki Soti Etazini.

Otorite dominiken yo kontinye mennen batay kont trafik zam ilegal sou teritwa yo. Ofisye Direksyon Jeneral Ladwàn (DGA), nan Repiblik Dominikèn anonse yo sezi 37 zam gè nan pò Haina, pami yo 30 fizi, 6 pistolè Glock ak yon pistolè Smith & Wesson. Zam sa yo te byen kache nan de (2) rezèvwa konpresè andedan yon kontenè ki te sòti Brooklyn, Etazini.


Se gras ak scan reyon X otorite dominiken yo te rive dekouvri ak lokalize zam sa yo avèk presizyon. Dapre rapò ofisyèl yo, sa a se yon lòt frap sou plis pase 100 ka ki gen rapò ak trafik zam ant Repiblik Dominikèn ak Etazini.


Kesyon kounye a se eske zam sa yo te destine pou Ayiti? Konsidere proksimite jeyografik ak chemen trafik machann zam yo itilize pou founi gang an Ayiti, anpil moun panse destinasyon final yo te kapab sou teritwa ayisyen an. Anpil kagezon zam ilegal fin itilize Repiblik Dominikèn kòm pwen tranzit, avan yo antre sou mache nwa an Ayiti.


Aksyon sila  soulve enkyetid sou enfiltrasyon zam lou nan rejyon an, e li mete aksan sou nesesite pou ogmante kontwòl ak koperasyon entènasyonal pou konbat trafik zam ki alimente enstabilite an Ayiti.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page