Rankont ant Otorite yo nan lide pou jwenn solisyon kont fenomèn ensekirite a.
- konektem info
- 20 mars
- 1 min de lecture
Jounen jedi 20 mas 2025 lan, Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Ekselans Fritz Alphonse Jean, te rankontre plizyè wo grade fòs lòd yo nan lokal Direksyon Jeneral Lapolis la, nan Klèsin. Pami patisipan yo, te gen Direktè Jeneral PNH la, Rameau Normil, Kòmandan an Chèf Lame a, Derby Guerrier, ansanm ak Jeneral Godfrey Otunge, ki se responsab Misyon Miltinasyonal la.
Reyinyon sa a te santre sou sitiyasyon ensekirite k ap sakaje peyi a. Lidè KPT a ak otorite sekiritè yo te reflechi sou bon jan estrateji pou mete plis estabilite nan peyi a. Daprè sa ki rapòte, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an renouvle angajman l pou garanti popilasyon a yon vi miyò, kote lapè ak sekirite ka retonbe sou tout teritwa a.
Comentarios