top of page

Rankont ant Chajè Dafè Ayiti a ak Responsab Inivèsitè HLA Moncloa a.

Jodi Jedi 28 novanm 2024 lan, Carl Eric Barthélus, Chajè Dafè a.i. nan Repiblik Ayiti, rankontre Julián Campo Peláez, reprezantan Lopital Inivèsitè HLA Moncloa, pou diskite sou yon kolaborasyon nan sektè sante a ant Ayiti ak Espay. Rankont sa a fèt nan kad jefò pou ranfòse kapasite sistèm sante Ayisyen an, k ap fè fas ak anpil difikilte.


Pandan reyinyon an, M. Barthélus te mete aksan sou mank enfrastrikti modèn, fòmasyon espesyalis, ak resouzimèn kalifye ki kokobe sistèm sante a. Li te mande sipò pou òganize fòmasyon ak estaj nan yon tan ki detèmine pou etidyan ak pwofesè medikal Ayisyen yo. Domèn ki vize yo gen ladan espesyalizasyon tankou tromatoloji ak chiriji Wobotik, ki ka pote gwo amelyorasyon nan nivo swen yo nan peyi a.


Julián Campo Peláez te akeyi lide yo avèk anpil ouvèti epi li te mansyone posiblite pou HLA Moncloa louvri yon branch an Ayiti pou sipòte inisyativ sa yo.


Li konsidere kolaborasyon sa a kòm yon opòtinite pou kontribye nan amelyore kapasite lokal yo epi ogmante nivo swen sante popilasyon Ayisyèn nan.


Nan yon moman kote sektè sante a ap lite kont gwo defi, rankont sa a make yon avanse enpòtan nan direksyon yon patenarya solid ant Ayiti ak Espay, ki ka bay yon nouvo dimansyon nan devlopman sèvis sante nan peyi a.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page