top of page

Pwokirè jeneral Kou Penal Entènasyonal la fè demand manda darè kont dirijan Izrayèl yo ak Hamas yo.

Nan yon kominike ki pibliye lendi 20 me a,pwokirè jeneral CPI a, Karim Khan, mande manda darè kont dirijan Izrayèl yo ak dirijan Hamas yo. Pwokirè a kwè dirijan yo gen dwèt men yo tranpe nan krim lagè ak krim kont limanite.


M Kham lonje dwèt li sou premye minis Izrayèl la Benjamin Netanyahu ak minis defans juif Yoav Gallant ansanm ak 3 dirijan Hamas: Yahia Sinwar, Mohammed Deif epi Ismail Haniyeh. Selon M Kahn 5 pèsonalite sa yo se prensipal responsab sa k ap pase Gaza a.


Pwokirè jeneral la gen pou fè demand sa a ak yon gwoup twa jij k ap travay nan faz preliminè dosye Gaza a. Gwoup 3 jij sa yo ta dwe pran anviwon 3 mwa konsa pou analize prèv yo epi bay direktiv pou dosye a al pi lwen.


Menmsi Izrayèl pa fè pati manm tribinal Entènasyonal la men manda darè sa yo riske anpeche responsab juif yo vwayaje lib e libè nan peyi etranje.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page