top of page

Prezidan Trump Retire Aksè Ansyen Prezidan Biden te genyen ak Dokiman Sekrè Leta yo.

Vandredi 7 fevriye 2025 lan, Trump anonse li revoke aksè ansyen prezidan Joe Biden te genyen sou ransèyman sekirite nasyonal yo, ki gen ladan briefings Mezon Blanch lan. Daprè Trump, desizyon sa a jistifye paske Biden gen pwoblèm memwa, men anpil moun wè sa kòm yon nouvo epizòd nan batay politik ki pran wout divizyon Ozetazini.


Trump pibliye desizyon sila sou platfòm Truth Social, kote li site yon rapò pwokirè espesyal Robert Hur ki te pibliye an 2024. Rapò sa a dekri Biden kòm yon "granmoun ki gen bon entansyon, men ki gen difikilte ak memwa li". Biden te deja denonse enfòmasyon sa yo, kote li te afime li toujou gen tout kapasite li.


Rapò a te mansyone tou ankèt sou dokiman sekrè Biden te kenbe apre li te kite pòs vis prezidan an an 2017. Pwokirè a te deklare pa gen okenn rezon pou pousuiv ansyen Prezidan an, paske  Biden pa t aji ak move entansyon.

Lè ajans nouvèl Reuters mande ekip Biden lan pou reponn sou desizyon Trump lan, yo refize fè kòmantè.


Tradisyonèlman, ansyen prezidan yo konn gen yon aksè limite ak rensèyman sekirite nasyonal apre yo kite pouvwa a. Men Trump jistifye desizyon li a sou baz, pandan manda Biden lan, li te prive Trump tout aksè ak briefings sekirite yo.

Sa raple desizyon Biden te pran an 2021, kote li te retire aksè Trump ak rensèyman sekirite yo sou pretèks konpòtman li te "twò riske" pou l kenbe enfòmasyon sansib.


Mezi sa a ogmante divizyon ant de (2) gwo lidè politik yo Ozetazini. Li poze kesyon sou si wi ou non ansyen prezidan yo ta dwe kontinye gen aksè ak rensèyman sekirite apre manda yo fini.

Men pou kounye a, Trump enpoze vizyon pa l epi li kontinye monte mi ki egziste ant pati Repibliken ak Demokrat la.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page