top of page

Prezidan Poutine ouvè pou yon trèv ak Peyi Ikrèn.

Prezidan Ris la, Vladimir Poutine, di li dakò pou yon trèv 30 jou ak Ikrèn, men li gen plizyè rezèv sou fason pou mete l an aplikasyon ak kontwole li. Li swete diskite sou sijè sa a ak  prezidan ameriken Donald Trump.


Pandan yon konferans pou laprès nan Kremlin ak alye l, prezidan Byelorisi a, Alexandre Loukachenko, Poutine mete aksan sou difikilte ki genyen pou aplike yon trèv reyèl. Li poze kesyon sou sò sòlda ikrenyen ki toujou nan rejyon Koursk, nan peyi Larisi, epi li mande si yo dwe kite yo ale apre sa li konsidere kòm krim yo komèt sou sivil yo. Li mansyone tou, avantaj militè Larisi genyen sou teren an, kote li di fòs ris yo ap avanse epi yo ka antoure gwo inite sòlda ikrenyen yo.


Yon lòt sous enkyetid pou Poutine se sipèvizyon trèv la. « Ki moun ki pral kontwole sispansyon konba yo ? Ki jan n ap asire  lènmi an p ap pwofite pou l reprann fòs ? » Li mande. Pandanstan, prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelensky, deklare l ap tann « mezi sevè » Etazini kont Larisi si Moskou refize aksepte trèv la,  Washington pwopoze kote Kiev deja dakò ak li deja.

留言

評等為 0(最高為 5 顆星)。
暫無評等

新增評等
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page