top of page

Prezidan Leslie Voltaire vizite Lopital La Paix pou Evalye Sitiyasyon Sistèm Sante Piblik la.

Yè Jedi 6 fevriye 2025 lan, Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT), Leslie Voltaire, te fè yon vizit ofisyèl nan lopital La Paix, ki chita nan Delmas 33. Vizit sa a antre nan kad jefò gouvènman an pou ranfòse sistèm sante piblik la epi amelyore kondisyon travay pwofesyonèl lasante yo.


Akonpanye ak manm gouvènman an epi ekspè nan domèn sante, Voltaire te vizite divès inite lopital la pou l evalye enfrastrikti yo ak sèvis ki ofri bay popilasyon an. Li te pwofite tou pou l pale ak pèsonèl medikal ak administratif lopital la, tande plent yo epi konprann defi y ap fè fas chak jou.

Pami pwoblèm ki soulve pandan vizit la, responsab lopital yo mete aksan sou mank ekipman medikal, efektif pèsonèl lasante ki pa ase ak difikilte pou jwenn medikaman. Fas ak sitiyasyon sa a, Prezidan CPT a reyafime angajman Leta pou l pote solisyon konkrè, pou popilasyon an ka jwenn pi bon swen sante.


Nan fen vizit la, Voltaire anonse kreyasyon yon komite suivi pou idantifye mezi ijans pou amelyore fonksyònman lopital la. Li deklare tou Leta pral mobilize resous nesesè pou ranfòse kapasite lopital la epi garanti yon amelyorasyon nan fason yo pran an chaj pasyan yo.


Rete pou wè si vizit sa a pral debouche sou aksyon reyèl, oubyen si l ap jis yon lòt demach piblik san efè, jan sa te konn fèt nan tan lontan.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page