top of page

Prezidan Endyen Narendra Modi rive nan peyi Ikrèn.

Prezidan Endyen an Narendra Modi te fè yon vizit istorik nan peyi Ikrèn nan dat 21 dawout 2024 la, kote li te rankontre avèk Prezidan Volodymyr Zelensky. Sa a se premye vizit yon dirijan Endyen depi Ikrèn te pran endepandans li. Vizit sa a fèt kèk semèn apre yon lòt vizit nan Moskou, kote Modi te rankontre ak Prezidan Vladimir Poutine, yon rankont ki te fè anpil bri nan vil Kyèv.


Pandan vizit li, Modi te raple angajman peyi End nan sipòte dyalòg ak diplomasi pou mete bout nan konfli sila a. Li te fè konnen End vle wè yon rezolisyon rapid pou lagè a.


Malgre apèl li yo pou lapè, End ap kontinye achte petwòl Ris yo, sa ki ede ekonomi Ris la malgre sanksyon entènasyonal yo. Sa te pèmèt End depase Lachin kòm premye enpòtatè petwòl Ris nan dènye mwa yo.


Modi te fè tou yon vizit nan peyi Polòy, kote li te pale sou relasyon End ak peyi sa a. Pandan yon konferans pou laprès, li te renouvle angajman End pou itilize diplomasi kòm sèl fason pou rezoud pwoblem ki genyen nan monn nan.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page