top of page

Prezidan Donald Trump siyen yon dekrè pou sanksyone Lakou Penal Entènasyonal (CPI).

Prezidan ameriken an Donald Trump siyen ayè jedi 6 fevriye a yon dekrè ki sanksyone dirijan, anplwaye ak ajan Lakou Penal Entènasyonal (CPI).


Dekrè sila kondane desizyon CPI a te pran kont Etazini ak alye yo peyi Izrayèl. CPI a te pran desizyon kont krim lagè plizyè solda ameriken te enplike nan peyi Afganistan epi solda Ebre yo nan band Gaza a nan peyi Palestin.


Dekrè sila a entèdi dirijan, anplwaye, ajan ak moun ki ta  ede nan ankèt CPI yo antre nan peyi Etazini. Tèks kontrenyan sa men jele byen kèk moun nan CPI a ta gen nan peyi Tonton Sam nan.


CPI a bò kote pa l kondane desizyon prezidan Trump lan epi renouvle angajman pou kontinye akonpanye pèsonèl ak moun ki viktim yo. Anmentan Lakou Penal Entènasyonal la mande 125 peyi ki konstiye CPI a ak sosyete sivil Nasyonzini an pou leve kanpe pou defann lajistis ak dwa fondamantal tout moun.


N ap raple Trump sou premye manda l la nan lane 2020 te deja pran sanksyon Kont pwokirè CPI Fatou Bensouda.

Kommentare

Mit 0 von 5 Sternen bewertet.
Noch keine Ratings

Rating hinzufügen
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page