top of page

Premye Minis Garry Conille Vizite Polisye ki Blese Yo Nan Lopital Apre Operasyon Ki Te Fèt nan Bel-Air ak Solino a.

Premye Minis Garry Conille te vizite, mèkredi 28 dawout 2024 la, twa (3) polisye SWAT ki te blese pandan operasyon ki te fèt nan Bel-Air ak Solino a, jou ki te madi 27 dawout la. Li te akonpaye Direktè Jeneral Polis Nasyonal Ayiti, Normil Rameau, pou yo te ka ale nan lopital Bernard Mevs.


Pandan tan sa, nan vizit la, Garry Conille te eksprime solidarite li avèk polisye yo, e li te mete aksan sou enpòtans misyon yo pou sekirite peyi a. « Prezans mwen la pou pote sipò pou polisye brav sa yo ki blese pandan yo t ap fè travay yo. Nou remèsye yo pou sakrifis yo nan non popilasyon an », se sa li te di.


Premye Minis la te ajoute gouvènman an ap kontinye sipòte yo epi pran mezi konkrè pou ede yo nan moman difisil sa a. « Sakrifis polisye yo p ap gaspiye. Nou dwe retabli sekirite a pou onore angajman yo ».

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page