top of page

Premye Minis Garry Conille ap chèche sipò pou etabli Sekirite an Ayiti, nan men Émirats Arab Unis.

Premye Minis Garry Conille te kite Ayiti pou ale an Émirats Arab Unis. Li ale pou diskite avèk Vis-prezidan Mohammed ben Rachid Al Maktoum, ki se Premye Minis Émirats yo tou.


Nan vwayaj sa a, premye minis Conille ap chèche jwenn plis teknoloji ak ekipman pou ranfòse polis ak lame Ayisyen yo. Li di fòs sekirite yo bezwen dwòn, machinn blende, ak zam avanse pou konbat gang ki ap fè peyi a mal.


Li planifye pou rankontre ak otorite Émirati yo pou asire ke yo ka jwenn sa yo bezwen pou amelyore sekirite an Ayiti. Nan delegasyon li a, gen Jeneral Azémar ak Enspektè Mackenzie ki ap ede chwazi bon ekipman pou polis la.


Demen k ap Madi 8 oktòb la, li anonse li pral diskite sou yon akò ak gouvènman Émirati yo ki pral ede Polis Nasyonal d’Haïti (PNH) ak Fòs lame dayiti (FADH). Li gen plan pou ale nan peyi Kenya tou, pou pale ak Prezidan William Ruto sou debakman dezyèm gwoup polis ki pral vini an Ayiti.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page