Premye Minis Fils-Aimé kore Kritik Musk ap fè kont USAID yo.
- konektem info
- 24 févr.
- 1 min de lecture
Pandan dènye jou sila yo, gwo deba pa sispann fèt konsènan akizasyon ki lanse kont USAID, kòmkwa, administrasyon Trump lan konsidere kòm yon òganizasyon ki pa fonksyone nan tout transparans, kidonk k ap fè fwod.
Jodi lendi 24 Fevriye a, premye minis ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé, kore desizyon sila k pran nan lide pou penalize anplwaye òganizasyon USAID yo. Nan yon piblikasyon li fè sou X, Premye minis lan apwouve kritik Elon Musk yo, ki deklare USAID te depanse plizyè milya dola an Ayiti san okenn transparans.
Kommentare