top of page

Premye Minis Fils-Aimé enstale Mèt Axène Joseph kòm Direktè Kabinè li.

Nan yon seremoni ki te dewoule nan yon Rezidans Ofisyèl Musseau, madi 12 novanm 2024, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé te fè enstalasyon Direktè Kabinè li, Mèt Axène Joseph. Chwa Mèt Joseph, dapre Premye Minis la, mache ak volonte li pou konstui yon ekip dinamik epi konpetan ki kapab reponn ak ijans aktyèl peyi a pandan l ap fè avanse pwojè estratejik Tranzisyon an.


«Mwen gen konfyans Mèt Axène Joseph pral sèvi ak tout konesans epi kapasite l pou ede m reponn ak responsablite yo parapò ak gwo atant ki sou do nou jodi a,» Premye Minis Fils-Aimé te deklare, pandan l ap fè lwanj eksperyans ak devouman nouvo Direktè Kabinè li.


Mèt Axène Joseph te remèsye Premye Minis la pou konfyans li mete nan li menm. Li eksprime detèminasyon li pou sipòte chèf gouvènman an nan misyon ki devan yo. «Mwen pran angajman pou m travay san rete pou ede Premye Minis la reyalize objektif li nan kad Tranzisyon politik sa a,» Me Joseph te afime, ak yon angajman fèm pou avanse Ayiti.

Commenti

Valutazione 0 stelle su 5.
Non ci sono ancora valutazioni

Aggiungi una valutazione
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page