Poukisa nou pa dwe touye Abèy yo ?
- Konektem Tv
- 13 mars 2023
- 1 min de lecture
Dernière mise à jour : 8 juin 2023
Abèy yo se polinizatè enpòtan ke yo ye, sa vle di yo gen kapasite pou yo transpòte polèn de yon plant a yon lòt plant.
Polèn nan se yon eleman reprodiktè ke ògan mal plant yo pwodwi, li enpòtan pou anpil plant (kiltive, plant sovaj), e li chaje vitamin ak pwoteyin. Souvan Lè abèy yo fouye flè ki nan plant yo, yo transfere polèn soti nan yon plant ale nan yon lòt, ki pèmèt fètilizasyon ak fòmasyon nan fwi ak grenn nan plant yo.
Prosesis sa enpòtan anpil pou repwodiksyon plant ak pou pwodiksyon manje ke nou manje chak jou. Apeprè yon tyè nan manje nou manje nan mond lan depann de polinizasyon abèy ak lòt ensèk yo. Anplis de sa, Polèn jwe yon wòl esansyèl nan pwodiksyon siwo myèl.
Abèy yo kolekte polèn nan flè yo epi pote yo nan rich yo. Polèn se yon sous pwoteyin enpòtan pou abèy yo, men li gen ladann tou eleman nitritif esansyèl, vitamin ak mineral ki nesesè pou devlopman ak sante yo.
Lè abèy yo stoke polèn yo nan rich yo, yo melanje li ak nekta ak anzim. Lè sa a, melanj sa a transfòme nan "gato myèl" yo, yon sibstans ki gen anpil pwoteyin ak eleman nitritif ki estoke nan rich yo pou fè siwo myèl yo.
Polinizasyon abèy yo jwe yon wòl enpòtan nan kenbe divèsite biyolojik ak ekilib ekolojik ekosistèm yo. Se poutèt sa pwoteksyon abèy yo vrèman enpòtan pou anviwònman an ak agrikilti toupatou nan mond lan.
Comments