top of page

PNCS ak Food for the Poor mete tèt ansanm pou amelyore Pwogram Kantin Eskolè yo.

Pwogram Nasyonal Kantin Eskolè(PNCS) kontinye jefò l pou bay timoun lekòl yo pi bon lamanjay an Ayiti. Mèt Kevenot Dorvil ak ekip li te fè yon rankont estratejik ak direksyon Food for the Poor, yon òganizasyon imanitè k ap travay nan domèn èd alimantè.


Rankont sa a se yon pa enpòtan nan direksyon pou amelyore manje timoun lekòl yo. De (2) Enstitisyon sila yo mete aksan sou nesesite pou pi byen estriktire kolaborasyon an, epi yo prevwa siyen yon akò fòmèl pou fòmalize angajman yo.


Pou kounye a, Food for the Poor ak PNCS ap travay sou estrateji ki kapab ogmante kantite ak kalite manje yo bay nan kantin lekòl yo, pou plis timoun kapab jwenn bon jan lamanjay pou pi byen aprann lekòl.

Comentarios

Obtuvo 0 de 5 estrellas.
Aún no hay calificaciones

Agrega una calificación
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page