top of page

Plizyè Vwayajè Denonse Zak Raketè y ap fè sou yo Nan Ayopò Okap.

Plizyè Vwayajè, sak sou zepòl yo, laperèz sou figi yo ap fè fas ak yon lòt reyalite nan ayewopò entènasyonal Okap la, kote vwayaj aletranje pa depann sèlman yon tikè, men tou yon sòm ki ka rive jiska 500 dola ameriken pou jwenn otorizasyon monte avyon an.


Depi plizyè semèn, plizyè vwayajè ap denonse pratik sa yo sou rezo sosyal yo. Yo pa sispann denonse pratik  "ranson ofisyèl" sila a, ki mete yo sou fristrasyon, kote yo santi aprè ayewopò Toussaint Louverture pa fonksyone, akoz atak gang sou twa avyon komèsyal nan mwa novanm pase, sa vin lakoz anpil ayisyen ap konnen move kondisyon vwayaj, nan okap. "Nou sove anba men kriminèl yo, men nou kontinye viktim," yon pasaje ki fache deklare.


Jiskaprezan, otorite ayisyen yo pa di anyen sou akizasyon sa yo. An menm tan, presyon an kontinye ogmante sou moun k ap chèche kite peyi a, sitou lè gang kontwole 85% nan kapital la. Pandan sa a, pri pou jwenn sekirite ak libète pa janm sispann monte.


Plizyè sektè deja lanse apèl pou mete fen nan pratik sa yo epi travay pou ouvri ayewopò Pòtoprens lan ankò. Men, kilè Leta ap reyaji? Epi pi enpòtan toujou, ki sa sa vle di pou pèp la lè menm dwa pou vwayaje vin tounen yon liks?

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page