Plizyè santèn Ayisyen kouri kite Repiblik Dominikèn pou chape Anba Vyolans ak depòtasyon.
- konektem info
- 28 avr.
- 1 min de lecture
Anba presyon sou mezi k ap pran ki vyole dwa Imigran yo, Prezidan dominiken Luis Abinader mete an aplikasyon, plizyè santèn Ayisyen ap kouri kite Repiblik Dominikèn pou yo retounen lakay yo an Ayiti.
Dapre jounal Listín Diario, lendi maten 28 avril 2025 lan, anpil kamyon ak machin twa wou, chaje ayisyen nan yo, tanmen travèse pon Dajabón nan, an direksyon Ayiti.
Pifò moun sa yo ap chèche rejwenn fanmi yo, apre yo fin chape poul yo anba politik ekspilsyon masiv ki an plas la. Depi ane pase, Prezidan Abinader te bay lòd pou ekspilse chak semèn 10 000 Ayisyen ki pa gen papye, epi li te enpoze 15 mezi estrik pou kontwole imigrasyon ilegal. Sitiyasyon sa a lakòz anpil Ayisyen pran desizyon pou yo retounen nan peyi yo.
Comments