top of page

Plizyè milye manifestan pran lari pou mobilize kont pasivite Leta fas ak gang yo.

Ayè Mèkredi 19 mas 2025 lan, plizyè milye sitwayen, sitou rezidan Kanapevè ak Juvenat, pran lari pou denonse absans repons otorite yo fas ak zak gang kriminèl yo. Malgre lapolis lanse gaz lakrimojèn pou dispèse yo, manifestan yo te rive kanpe devan Villa d’Accueil ak rezidans ofisyèl Premye Minis lan, nan Musseau. Yo fè konnen yo p ap sispann manifeste jiskaske Leta mete aksyon konkrè sou pye pou konbat ensekirite a.


Mobilizasyon sa a te make pa vyolans, kote jounalis Biamby Peter Lyonelson, ki travay pou Windy Phele, te viktim. Daprè temwayaj, li te resevwa plizyè kou nan men manifestan yo pandan l t ap kouvri evènman an. Atak sa a soulve enkyetid sou sekirite travayè laprès yo nan kontèks mouvman popilè yo.


Manifestasyon an montre nivo kòlè ak fristrasyon popilasyon an fas ak sitiyasyon an, pandan li mete ankò sou tab gwo defi otorite yo genyen pou reponn a kriz sekirite a.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page