top of page

Pitit Reyalizatè Ayisyen Smoye Noisy mouri apre yon Entèvansyon Lapolis nan Florid.

Yon trajedi frape fanmi aktè ak reyalizatè ayisyen Smoye Noisy, apre lanmò Sebastian Noisy, pitit gason l, ki  mouri nan Pembroke Pines, Florid, apre yon polisye te Taze li pandan yon entèvansyon.


Daprè Local10, yon medya lokal nan Florid, Sebastian Noisy, ki te gen 25 lane, samdi 22  fevriye 2025 aprè midi, t ap sikile sou yon pwopriyete prive, nan yon zòn marekaj ki pa devlope. Dapre polis Pembroke Pines, jèn gason an te gen konpòtman sispèk, nan yon espas ki gen bèt sovaj ki kapab danjere.

Polisye yo te eseye kontwole sitiyasyon an, men yo te fè itilizasyon yon Tazè (Taser) pou kontwòle. Etandone Machin Ponpye pa t ka rive nan zòn nan, yon ofisye te blije transpòte l  jiska yon anbilans ki te sou plas. Yo te mennen l lopital, kote li mouri kèk tan apre.


Smoye Noisy, papa viktim nan, ki toujou Ayiti, konfime lanmò pitit li a bay yon media yo konnen sou non Haïti Infos Pro, men li di li pa gen plis detay sou sikonstans egzak dram nan. Depatman Aplikasyon Lwa Florid deja ouvè yon ankèt sou sa ki pase.


Pandan ankèt la ap pousuiv, kominote ayisyèn nan ki nan Florid ak lòt kote ap kriye lanmò yon jèn gason ki ale twò vit. Dosye a soulve gwo kesyon sou itilizasyon fòs lapolis epi reyalite Ayisyen ap viv nan sistèm jistis ameriken an.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page