Phanèse R. Laguerre anba kòd pou detounman Lajan nan PNCS.
- konektem info
- 9 févr.
- 1 min de lecture
Phanèse R. Laguerre, ansyèn kowòdonatris Pwogram Nasyonal Kantin Eskolè(PNCS), antre anba kòd apre li fin reponn kesyon devan jij enstriksyon Martel Jean-Claude. Lajistis mete l an detansyon prevantiv, apre yon ankèt Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC) mennen sou li.
Rapò ULCC a akize Laguerre pou:
1. Detounman lajan piblik
2. Pasasyon kontra ilegal
3. Anrichisman Ilegal
Daprè ULCC, li t ap jere yon rezo konpayi fantom ki fè leta pèdi 250 milyon goud.
Arestasyon sa a make yon nouvo etap nan batay kont koripsyon an Ayiti. Pandan anpil moun ap mande plis transparans sou fason fon kantin lekòl yo jere, lajistis kontinye mennen ankèt sou moun ki te benefisye kontra ilegal sa yo.
Comentários