Peyi Lachin Akize Etazini Kòm Motè Kriz Ayiti ap konnen an nan Konsèy Sekirite Nasyonzini.
- konektem info
- 23 avr.
- 1 min de lecture
Nan yon entèvansyon ki make sesyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an, lendi 21 avril 2025, reprezantan pèmanan Lachin nan, Fu Cong, pa t mete dlo nan bouch li pou akize Etazini kòm prensipal aktè ki lakoz degradasyon sitiyasyon Ayiti ap viv la.
Diplomat chinwa a deklare Etazini se “sèvo” ki dèyè dezòd politik ak laterè gang k ap ravaje Ayiti a. Dapre li, Etazini pa sèlman sipòte gouvènman tranzisyon an, men li jwe yon wòl san transparans sou dosye Ayiti, pandan li kontinye itilize kriz la kòm zouti enfliyans nan rejyon an.
Fu Cong denonse desizyon Washington pou mete tarif 10% sou pwodwi ayisyen yo, li rele sa yon “entimidasyon ekonomik” kont yon nasyon ki deja sou jenou. Li kritike tou enkapasite otorite ameriken yo pou bloke trafik zam ki sòti nan Florid pou tonbe nan men gang ame ki, dapre li, vin pi byen ekipe pase polis ayisyen an.
Diplomat Fu Cong pa t manke mete an kesyon angajman Etazini nan misyon sekirite miltinasyonal la, li estime kontribisyon finansye Washington pa fè pwa ditou, pandan li lage prensipal chay la sou zepòl kominote entènasyonal la.
Nan fen entèvansyon li, Fu Cong lanse yon apèl bay Etazini pou l reflechi sou politik li anvè Ayiti. Li mande yon chanjman apwòch, kote byennèt pèp ayisyen an pase anvan enterè jewopolitik.
Deklarasyon sa yo vini nan yon kontèks kote kriz ayisyen an pa sispann deteryore, pandan kominote entènasyonal la ap chèche solisyon djanm pou refè sekirite ak estabilite tabli nan peyi Ayiti.
Comments