top of page

PAPE FRANÇOIS MOURI JODI LENDI 21 AVRIL 2025 A LAJ 88 AN, NAN REZIDANS LI.

Se ak anpil tristès Media Konekte M aprann nouvèl lanmò Pape François, ki mouri jodi lendi  21 avril 2025 sila, a laj 88 an, nan rezidans li nan Domus Sanctae Marthae, Vatikan. Lanmò sa pa frape  sèlman Legliz Katolik la, men limanite antye ki te wè nan li yon lidè espirityèl senp, ouvè epi angaje pou defann pi piti yo.


Pape François, sou bon non li Jorge Mario Bergoglio, te fèt 17 desanm 1936, nan Buenos Aires, Ajantin, te premye Pape ki soti nan Amerik Latin, premye ki soti nan Lòd Jezuit, epi premye ki pa t Ewopeyen depi plis pase 1000 lane. Li te eli kòm 266yèm Pape Legliz Katolik Women an 13 mas 2013, apre demisyon Pape Benedikt XVI.

Anvan li te vin Pape, Jorge Mario Bergoglio te etidye kòm teknisyen chimik, epi li te antre nan seminè dyosèz Villa Devoto, an Ajantin. Li te antre nan Lòd Jezuit la 11 mas 1958, kote li te kontinye fòmasyon relijye li jiskaske li te vin Evèk, Kadinal, epi finalman Pape.


Pandan pontifika li, Pape François te make pa imilite li, konpasyon li pou pòv yo, ak angajman li pou modènize Legliz la. Li te pran pozisyon  sou gwo kesyon tankou chanjman klimatik, dwa migran yo, inegalite sosyal, ak Pèn lanmò. Li te kondane move tretman elèv endijèn yo ap sibi nan lekòl rezidansyèl Kanadyen yo kòm yon jenosid, epi li t ap preche pou yon Legliz ki pi ouvè e ki devlope bon jan relasyon moun ak moun.


Malgre li te gen gwo pwoblèm sante pandan dènye ane sa yo, li te kontinye ak devwa li kòm Souvren Legliz Katolik la. Li te bay dènye benediksyon Paskal li ayè dimanch 20 avril 2025 lan, ki se dimanch pak, kote li t a pral  rann dènye souf li yon jou apre, lendi 21 avril 2025,  7:35 nan maten, lè Ewòp santral.


Nan moman doulè sa a, Media Konekte M voye tout senpati li bay kominote katolik la, Vatikan an, ak tout monn nan ki te jwenn limyè, espwa ak enspirasyon nan lavi ak travay Pape François. Ke memwa li kontinye enspire nou, epi ankouraje n chèche lanmou, lapè ak jistis nan lavi chak jou nou.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page